1 Wa 19:1-18

1 Wa 19:1-18 HAT98

Wa Akab rakonte Jezabèl, madanm li, tou sa Eli te fè, ki jan li te touye tout pwofèt Baal yo. Jezabèl voye yon misyon bay Eli. Li voye di l: — Se ou, se mwen! Se pou bondye yo ban m pi gwo pinisyon ki genyen si denmen lè konsa mwen pa fè ou tou sa ou te fè pwofèt yo. Eli vin pè. Li kouri met deyò pou l sove lavi li. Li pran domestik li avè l, l'ale lavil Bècheba nan peyi Jida. Li kite domestik li a la. Eli menm mache tout yon jounen nan dezè a. Lè li rete, l'al chita anba lonbray yon ti pye bayawonn. Li mande lanmò. Li di: — M'pa kapab ankò, Senyè! Pito ou pran mwen kont fini. Mwen pa pi bon pase zansèt mwen yo. Li lage kò l anba pye bayawonn lan. Dòmi pran l. Antan l nan dòmi an, yon zanj vin souke l, li di l konsa: — Leve ou manje! Eli voye je l gade bò kote l, li wè yon ti pen plat tankou sa yo kwit sou chabon dife ak yon krich dlo bò tèt li. Li manje, li bwè. Lèfini, li kouche, li dòmi ankò. Zanj Senyè a tounen yon dezyèm fwa, li souke Eli, li leve l, li di l: — Leve ou manje, paske vwayaj la pral long anpil pou ou. Eli manje, li bwè. Fòs li remoute. Li mache karant jou, karant nwit jouk li rive sou mòn Orèb, mòn Bondye a. Lè li rive, li antre nan yon gwòt, li pase nwit lan la. Senyè a pale ak Eli ankò, li di li: — Eli, sa w'ap fè la a? Eli reponn: — Senyè, Bondye ki gen tout pouvwa, mwen renmen ou anpil, mwen pa ka wè sa pèp Izrayèl la ap fè ou la. Li pa kenbe kontra li te pase avè ou la, li kraze lotèl ou yo, li touye tout pwofèt ou yo. Se mwen menm sèl ki rete. Men y'ap chache touye m. Senyè a di li: — Sòti, vin kanpe devan Senyè a sou tèt mòn lan. M pral pase! Senyè a vin ap pase. Yon gwo van vin leve, li pran vante byen fò, li fann mòn yo, li pete wòch yo devan Senyè a. Men Senyè a pat nan van an. Lè van an kase, tè a pran tranble, men Senyè a pat nan tranblemann tè a. Lè tè a sispann tranble, te gen yon dife, men Senyè a pat nan dife a. Apre dife a, yon ti bri tou piti fèt, yon ti briz tou fèb vin ap soufle. Lè Eli tande l, li kouvri tèt li ak gwo rad li, li sòti, li kanpe devan gwòt la. Li tande yon vwa ki di l: — Eli, sa w'ap fè isit la? Eli reponn: — Senyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, mwen renmen ou anpil, mwen pa ka wè sa pèp Izrayèl la ap fè ou la. Li pa kenbe kontra li te pase avè ou la. Li kraze lotèl ou yo. Li touye tout pwofèt ou yo. Se mwen menm sèl ki rete. Men y'ap chache touye m. Senyè a di li: — Ale non! Pran menm wout ou te pase nan dezè a pou vini isit la, tounen lavil Damas. W'a antre lavil Damas, w'a pran Azayèl, w'a mete l wa peyi Siri nan non mwen. Apre sa, ou va ale lakay Jeyi, pitit gason Nimchi a, w'a mete li wa peyi Izrayèl nan non mwen. Lèfini, w'a pran Elize, pitit gason Chafat, moun Abèl-Mewola, w'a mete li apa nan non mwen pou l'sèvi pwofèt nan plas ou. Tout moun ki va chape anba men Azayèl va tonbe anba men Jeou. Tout moun ki va chape anba men Jeou va tonbe anba men Elize. Men m'ap kite sètmil (7.000) moun vivan nan peyi Izrayèl la. Se moun ki pat mete ajenou devan Baal pou sèvi li, ni ki pat bo estati li yo.