Antan Abdyas ap mache konsa, li tonbe bab pou bab ak Eli. Li rekonèt li, li bese tèt li jouk atè devan li. Li mande l: — Se ou menm vre, Eli, mèt mwen? Eli reponn: — Wi, se mwen! Ale di wa a, mèt ou a, men m isit la! Abdyas reponn: — Kisa m fè ki mal pou ou voye m al chache lanmò nan men wa Akab? Mwen pran Senyè ki vivan an, Bondye ou la, pou temwen, pa gen peyi sou latè kote wa a pa fè chache ou. Chak fwa nan yon peyi yo di l ou pa lakay yo, wa Akab te fòse chèf la ak tout pèp la fè sèman yo pat jwenn ou. Epi, kounyeya ou vle pou m al di li men ou isit la? Bon, vire m vire do m ale la a, si lespri Senyè a pran ou, li pote ou yon kote m pa konnen, lè m'a di wa Akab ou isit la, lè la vini li pa wè ou, l'ap touye m. Chonje mwen menm m'ap sèvi Senyè a ak krentif depi mwen piti. Mèt, yo pa janm rakonte ou sa m te fè lè Jezabèl t'ap touye pwofèt Senyè yo? Mwen kache san (100) pwofèt nan de gwòt, senkant nan chak gwòt, mwen ba yo manje, mwen ba yo bwè. Men kounyeya ou vle pou mal di wa a men ou isit la! L'ap touye m! Eli reponn li: — Mwen pran Senyè m'ap sèvi a, Bondye ki gen tout pouvwa a, pou temwen. Jòdi a m'ap parèt devan Akab!
Li 1 Wa 18
Koute 1 Wa 18
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Wa 18:7-15
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo