Lè sa a, Eli mande pèp la pou yo pwoche bò kote l. Lè yo pwoche vin jwenn li, li rebati lotèl Senyè a paske yo te kraze l. Li pran douz wòch, yonn pou chak branch fanmi pitit Jakòb yo. Se Senyè a ki te bay Jakòb non Izrayèl li pote a. Li pran wòch yo, li rebati lotèl Senyè a. Li fouye yon kannal fè wonn lotèl la. Kannal la te ka pran kat galon dlo. Li ranje bwa yo sou lotèl la, li dekoupe towo a, li mete moso vyann yo sou bwa yo. Lèfini li di: — Plen kat krich dlo vide yo sou ofrann lan ak sou bwa yo. Apre yo fè sa, li di yo: — Fè l yon dezyèm fwa. Apre yo fè l, li di yo ankò: — Fè l yon twazyèm fwa. Yo fè l ankò. Dlo a koule tout atè bò lotèl la, li plen kannal la. Lè lè pou yo fè ofrann apremidi a rive, pwofèt Eli pwoche bò lotèl la, li di: — Senyè, Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Jakòb, fè yo wè jòdi a se ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la. Fè yo rekonèt se sèvitè ou mwen ye. Se ou menm ki ban m lòd fè tout bagay sa yo. Reponn mwen, Senyè! Reponn mwen pou pèp sa a ka konnen se ou menm Senyè a ki Bondye, pou yo rekonèt se ou menm k'ap fè yo tounen vin jwenn ou. Senyè a voye dife sòti nan syèl la, li boule ofrann lan, bwa yo, wòch yo ak anplasman kote lotèl la te ye a, li fè tout dlo ki te nan kannal la cheche. Lè pèp la wè sa, yo tonbe fas atè, yo pran rele: — Se Senyè a ki Bondye! Se Senyè a ki Bondye!
Li 1 Wa 18
Koute 1 Wa 18
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Wa 18:30-39
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo