1 Wa 18:1-19

1 Wa 18:1-19 HAT98

Apre sa, kèk tan pase. Chechrès la t'ap mache sou twazan depi li t'ap bat peyi a. Lè sa a, Senyè a pale ak Eli, li di l konsa: — Al parèt devan wa Akab. Mwen pral fè lapli tonbe. Eli pati pou l'al devan wa Akab. Grangou a te rèd anpil pou moun lavil Samari yo. Akab te fè rele Abdyas ki te reskonsab palè a. Abdyas sa a te sèvi Senyè a ak tout kè li. Lè larenn Jezabèl t'ap fè touye pwofèt Senyè yo, li menm Abdyas te sove san (100) ladan yo. Li te kache yo nan de gwòt, li te mete senkant nan chak gwòt. Lèfini, li ba yo manje, li ba yo bwè. Akab te di Abdyas: — Nou pral mache nan tout peyi a, nou pral gade bò tout sous dlo, nan tout ravin kote nou ka jwenn zèb pou bay chwal yo ak milèt yo. Konsa nou p'ap bezwen touye ladan yo. Yo separe peyi a fè de zòn, yo chak pran yon zòn pou yo mache al chache zèb. Se konsa Akab pran yon chemen, Abdyas pran yon lòt chemen. Antan Abdyas ap mache konsa, li tonbe bab pou bab ak Eli. Li rekonèt li, li bese tèt li jouk atè devan li. Li mande l: — Se ou menm vre, Eli, mèt mwen? Eli reponn: — Wi, se mwen! Ale di wa a, mèt ou a, men m isit la! Abdyas reponn: — Kisa m fè ki mal pou ou voye m al chache lanmò nan men wa Akab? Mwen pran Senyè ki vivan an, Bondye ou la, pou temwen, pa gen peyi sou latè kote wa a pa fè chache ou. Chak fwa nan yon peyi yo di l ou pa lakay yo, wa Akab te fòse chèf la ak tout pèp la fè sèman yo pat jwenn ou. Epi, kounyeya ou vle pou m al di li men ou isit la? Bon, vire m vire do m ale la a, si lespri Senyè a pran ou, li pote ou yon kote m pa konnen, lè m'a di wa Akab ou isit la, lè la vini li pa wè ou, l'ap touye m. Chonje mwen menm m'ap sèvi Senyè a ak krentif depi mwen piti. Mèt, yo pa janm rakonte ou sa m te fè lè Jezabèl t'ap touye pwofèt Senyè yo? Mwen kache san (100) pwofèt nan de gwòt, senkant nan chak gwòt, mwen ba yo manje, mwen ba yo bwè. Men kounyeya ou vle pou mal di wa a men ou isit la! L'ap touye m! Eli reponn li: — Mwen pran Senyè m'ap sèvi a, Bondye ki gen tout pouvwa a, pou temwen. Jòdi a m'ap parèt devan Akab! Se konsa Abdyas pati, li jwenn Akab, li fè l rapò. Akab vin kontre Eli. Wè Akab wè Eli, li di l: — Apa ou sa! Se ou menm k'ap rale malè sou pèp Izrayèl la konsa! Eli reponn li: — Se pa mwen ki rale malè sou pèp Izrayèl la. Se ou menm ak tout fanmi papa ou yo ki lakòz, paske nou dezobeyi lòd Senyè a te bay, n'al adore zidòl Baal yo. Kounyeya, bay lòd pou tout moun pèp Izrayèl yo vin sanble bò kote m sou mòn Kamèl la. Gen katsansenkant (450) pwofèt Baal ak katsan (400) pwofèt zidòl fanm yo rele Astate a Jezabèl ap pran swen. Fè yo vini tou.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an