1 Wa 13

13
1Lè sa a, Senyè a bay yonn nan pwofèt #2 Wa 23.17 li yo ki te nan peyi Jida lòd pou li moute lavil Betèl. Lè li rive lavil Betèl, Jewoboram te kanpe bò lotèl la ap boule lansan. 2Dapre #2 Wa 23.15,16 lòd Senyè a te ba li a, pwofèt la pale byen fò, li bay mesay sa a sou lotèl la:
— Ou menm lotèl! Wi, ou menm lotèl! Men sa Senyè a di: Nan fanmi David la, gen yon timoun ki pral fèt, y'ap rele l Jozyas. L'ap vini, l'ap pran tout prèt k'ap sèvi nan kay zidòl yo, prèt k'ap boule lansan sou ou yo, l'ap touye yo sou ou. Lèfini, sou ou ankò y'a boule zosman moun.
3Menm #Jij 6.17 jou sa a pwofèt la bay yon siy, li di konsa:
— Lotèl sa a pral fann de bò. Sann dife ki sou li a pral gaye tout atè a. Lè n'a wè sa, n'a konnen se Senyè a menm ki pale nan bouch mwen.
4Lè Jewoboram tande pawòl pwofèt la te di sou lotèl Betèl la, li lonje dwèt sou pwofèt la sou lotèl la epi li di:
— Pran msye!
Men, men li te lonje sou pwofèt la rete tou rèd. Li pa te ka fè mouvman avè li ankò. 5Lamenm, lotèl la rete konsa, li fann de bò, epi sann dife ki te sou li a gaye tout atè a, jan pwofèt la te di sa nan non Senyè a. 6Wa #Egz 8.8; 9.28; 10.17; Nonb 21.7; Tra 8.24 Jewoboram pran lapawòl ankò, li di pwofèt Bondye a konsa:
— Tanpri, lapriyè Senyè a, Bondye ou la, pou mwen. Mande l pou l geri men m.
Pwofèt la lapriyè Senyè a vre, epi men wa a geri, li vin jan li te ye anvan an. 7Apre #2 Wa 5.15 sa, wa a di pwofèt la konsa:
— Ann al lakay avè m. W'a manje. Lèfini, m'a fè ou kado kichòy.
8Pwofèt #Nonb 22.18; 24.13 la reponn:
— Ou ta mèt ban mwen mwatye nan tout richès ou yo, mwen p'ap mete pwent pye m lakay ou. Mwen p'ap manje pen, ni mwen p'ap bwè dlo isit la. 9Paske, Senyè a te ban mwen lòd pou m pa ni manje ni bwè anyen, lèfini pou m pa pran menm chemen mwen te vini an pou m tounen lakay mwen.
10Se konsa li pran yon lòt wout pou l tounen lakay li, li pa pran menm chemen li te pran lè li t'ap vini lavil Betèl la.
Pwofèt lavil Betèl la
11Nan #2 Wa 23.18 tan sa a, te gen yon pwofèt ki te rete lavil Betèl. Li te granmoun anpil. Pitit gason l yo vin rakonte l tou sa pwofèt Bondye a te fè jou sa a lavil Betèl, ak tou sa li te di wa Jewoboram. 12Pwofèt la mande yo ki wout yo wè l pran. Pitit gason l yo moutre l chemen pwofèt Bondye ki te sòti peyi Jida a te pran. 13Li di pitit gason l yo sele bourik li pou li. Yo sele bourik li a, li moute sou li, 14li pati dèyè pwofèt Bondye a. Li jwenn li chita anba yon pye chenn. Li mande l:
— Se ou menm pwofèt Bondye ki sòti peyi Jida a?
Nonm lan reponn:
— Se mwen wi!
15Li di l konsa:
— Ann al lakay avè m. W'a manje kichòy!
16Men pwofèt peyi Jida a di l:
— Non, m pa ka tounen avè ou, ni m pa ka al lakay ou. Lèfini, m p'ap manje, m p'ap bwè anyen avè ou isit la. 17Paske #1 Wa 20.35 Senyè a te ban m lòd pou m pat ni manje ni bwè anyen avè ou isit la, lèfini pou m pa pran menm chemen mwen te pase pou m vini an pou m tounen.
18#Gal 1.8 sa a pwofèt lavil Betèl la di l:
— Mwen menm tou, mwen se yon pwofèt tankou ou. Se Senyè a menm ki te voye yonn nan zanj li yo vin di m pou m fè ou tounen lakay ansanm avè m, lèfini pou m ba ou manje, pou m ba ou bwè!
Men se manti pwofèt lavil Betèl la t'ap ba li. 19Se konsa pwofèt peyi Jida a tounen lakay pwofèt Betèl la, li manje, li bwè avè l. 20Yo te chita bò tab la toujou lè Senyè a pale ak pwofèt Betèl la 21ki #1 Wa 20.36 pale byen move ak pwofèt peyi Jida a. Li di l byen fò:
— Senyè a di ou ou pa koute lòd li te ba ou, ou pa fè sa li te mande ou fè a. 22Okontrè, ou tounen, ou manje, ou bwè yon kote li te ba ou lòd pa fè sa. Se poutèt sa w'ap mouri, lèfini, ou p'ap antere nan kavo fanmi ou.
23Lè yo fin manje, pwofèt lavil Betèl la sele bourik pwofèt peyi Jida a pou li. 24Pwofèt peyi Jida a pati. Li kontre ak yon lyon sou chemen li, lyon an touye l. Kadav li te blayi atè a nan mitan chemen an. Bourik la ak lyon an te rete la bò kote l. 25Moun ki t'ap pase bò la wè kadav la atè nan chemen an ansanm ak lyon an bò kote l. Yo antre lavil Betèl kote pwofèt granmoun lan te rete a, yo rakonte sa yo wè.
26Lè pwofèt la tande sa, li di:
— Se pwofèt ki te dezobeyi lòd Senyè a te ba li a. Konsa, Senyè a voye yon lyon atake l. Lyon an kraze l, li touye l jan Senyè a te di l l'ap fè l la.
27Li di pitit gason l yo.
— Sele bourik la pou mwen!
Yo sele bourik mesye. 28Mesye pati, li jwenn kadav pwofèt peyi Jida a lonje atè a nan chemen an, bourik la ak lyon an kanpe bò kote l toujou. Lyon an pat manje kadav la, ni li pat fè bourik la anyen. 29Pwofèt Betèl la ranmase kadav la, li mete li sou bourik la, li pote li tounen lavil Betèl. Li fè vèy pou li. Lèfini, li antere li. 30Li #Jer 22.18 mete kadav la nan kavo pwòp fanmi l. Li menm ansanm ak pitit gason li yo kriye pou li, yo t'ap di:
— Woy, frè mwen! Ou al kite m vre?
31Apre #2 Wa 23.17,18 lantèman an, pwofèt la pale ak pitit gason l yo. Li di yo:
— Lè m'a mouri, n'a antere m nan kavo sa a, n'a mete kadav mwen kole kole ak kadav pa l la. 32Pawòl #1 Wa 13.2; 16.24; 2 Wa 23.16-19 Senyè a te ba li lòd di sou lotèl lavil Betèl la ak sou lòt kote y'ap fè sèvis nan lavil Samari yo gen pou rive vre.
Peche Jewoboram lan
33Apre #Jij 17.5 tout bagay sa yo, Jewoboram, wa peyi Izrayèl la, donnen pi rèd nan vye babay li t'ap fè yo. Li t'ap kontinye ap pran moun nan pèp la konsakre yo pè savann pou fè sèvis nan tanp zidòl li yo. Depi yon moun te vle prèt, li te ba l pouvwa a pou li te sèvi prèt nan tanp zidòl yo. 34Se #1 Wa 12.30; 14.10; 2 Wa 17.21 konsa, tout fanmi Jewoboram lan lage kò yo nan fè sa ki mal. Se poutèt sa, tout fanmi sa a fini, li disparèt nèt sou latè.

Chwazi Kounye ya:

1 Wa 13: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an