1 Wa 12

12
Peyi nò yo separe ak Woboram
(2 Kwonik 10)
1Woboram moute lavil Sichèm kote #2 Kwo 10.1-19 tout #Joz 24.1 pèp Izrayèl la nèt te sanble pou fè li wa. 2#1 Wa 11.26,40 Jewoboram, pitit gason Nebat la, ki te nan peyi Lejip kote li te al kache pou Salomon an, pran nouvèl la, li kite peyi Lejip, li tounen nan peyi l. 3Moun branch fanmi ki nan nò peyi a voye chache l. Yo tout ansanm, y'al jwenn Woboram, yo di l konsa:
4— Salomon, #1 Sam 8.11-18; 1 Wa 4.7,22; 5.13; 9.15 papa ou, te di anpil ak nou, li te peze nou anpil. Kounyeya, fè yon leve men pou nou. Kite nou viv yon ti jan pi alèz, n'a sèvi ou nèt ale.
5Woboram di yo:
— Tounen nan twa jou. Lè sa a, m'a ban nou repons.
Epi pèp la al fè wout li. 6Woboram menm al jwenn chèf fanmi ki te sèvi konseye pou Salomon, papa l, lè l t'ap viv, li mande yo:
— Kisa pou m reponn pèp la? Ki konsèy nou ban mwen?
7Yo reponn li:
— Si jòdi a ou fè pèp la wè se sèvi ou vle sèvi l, si ou asepte fè sa yo mande ou la, si ou pale byen ak yo, y'ap toujou sèvi ou.
8Men, Woboram pa koute konsèy granmoun yo te ba li a, l'al jwenn jenn gason ki te leve ansanm avè l yo, lèfini ki te toujou la avè l, li mande yo konsèy. 9Li di yo:
— Ki konsèy nou ta ban mwen? Kisa pou m reponn pèp la k'ap mande m pou m fè yon leve men pou yo?
10Jenn gason kanmarad li yo reponn li:
— Men sa w'a di moun sa yo k'ap plenyen ba ou pou papa ou ki t'ap peze yo, epi k'ap mande ou fè yon leve men pou yo. W'a di yo: Si papa m te di ak nou, mwen menm m'ap pi di pase l. 11Wi, w'a di yo: Papa m t'ap peze nou anba chay lou, mwen menm m'ap mete sou chay la ankò. Papa m te bat nou ak fwèt, mwen menm m'ap pase fwèt la anba sann pou m bat nou.
12Twa jou apre vre, Jewoboram tounen ansanm ak tout pèp Izrayèl la vin jwenn wa Woboram jan li te di yo a. 13Wa a pa koute konsèy granmoun yo, li pale di ak pèp la. 14Li reponn yo jan jenn gason yo te ba l konsèy fè a. Li di yo:
— Papa m t'ap peze nou anba chay lou, mwen menm m'ap mete sou chay n'ap pote deja a. Papa m te bat nou ak fwèt, mwen menm m'ap pase fwèt la anba sann pou m bat nou.
15Se #1 Wa 11.11,31; 12.24 konsa wa a pat asepte fè sa pèp la te mande l la. Sa se travay Senyè a menm ki te vle pou sa li te voye Akija, pwofèt Silo a, al di Jewoboram, pitit Nebat la, rive vre.
16#2 Sam 20.1 pèp Izrayèl la wè wa a pat sòti pou li fè sa yo te mande l la, yo reponn wa a. Yo di li:
— Nou pa gen anyen pou nou wè ak David.
Nou pa bezwen anyen nan zafè pitit Izayi a.
Ann al lakay nou, nou menm moun peyi Izrayèl yo!
Ann kite pitit David yo degaje yo pou kont yo ak fanmi yo!
Se konsa moun pèp Izrayèl yo vire do al lakay yo. 17Yo #1 Wa 11.13,36 kite Woboram pou li gouvènen sèlman sou moun ki rete nan pòsyon tè branch fanmi Jida a. 18Apre #1 Wa 4.6; 5.14 sa, wa Woboram voye Adoram ki te reskonsab travay kòve yo bò kote moun Izrayèl yo. Men moun Izrayèl yo kalonnen li wòch jouk li mouri. Lè sa a, wa Woboram prese moute sou cha li, li kouri ale lavil Jerizalèm. 19Depi #2 Wa 17.21 lè sa a, moun pèp Izrayèl yo vire do bay moun fanmi David yo jouk jounen jòdi a.
20#1 Wa 11.13,32,36; 12.2,3 moun peyi Izrayèl yo vin konnen Jewoboram te tounen sòti peyi Lejip, yo voye chache l pou l vin nan yon reyinyon. Yo fè mesye wa sou tout peyi Izrayèl la. Se moun branch fanmi Jida yo ase ki te kenbe fèm ak fanmi David la.
Mesay pwofèt Chemaya
(2 Kwonik 11.1-4)
21#2 Kwo 11.1-4 Woboram #1 Wa 11.31 rive lavil Jerizalèm, li sanble sankatrevenmil (180.000) sòlda nan pi bon sòlda ki te nan branch fanmi Jida ak nan branch fanmi Benjamen pou l'al goumen ak moun peyi Izrayèl yo, pou l mete yo anba lòd li ankò. 22Men, #2 Kwo 12.5 Bondye pale ak Chemaya, pwofèt li a, li di l konsa:
23— Pale ak Woboram, pitit Salomon an, wa peyi Jida a, ansanm ak tout moun ki fè pati branch fanmi Jida ak branch fanmi Benjamen. Di yo: 24Men mesay mwen menm Senyè a, mwen voye ba yo: Pa konprann pou n'al atake moun peyi Izrayèl yo. Se fanmi nou yo ye. Tounen lakay nou. Sa ki rive a se travay mwen, se mwen ki vle l konsa.
Moun yo koute lòd Senyè a vre, yo tout al lakay yo jan Senyè a te di yo a.
Jewoboram bay Bondye do
25Jewoboram #Jij 8.17; 9.45 ranfòse miray ranpa lavil Sichèm nan mòn peyi Efrayim. Se la l'al rete pou yon tan. Apre sa, li kite Sichèm, l'al ranfòse miray ranpa lavil Penwèl. 26Lèfini, Jewoboram di nan kè li:
— Jan sa ye kounyeya, gouvènman an pral tounen nan men moun fanmi David yo ankò. 27Paske, #Det 12.5,6 si pèp la gen pou moute lavil Jerizalèm chak lè pou touye bèt pou Senyè a nan Tanp lan, rive yon lè, y'ap tounen al jwenn Woboram, wa peyi Jida a. Lè sa a, y'a touye m pou y'al jwenn li ankò.
28#Egz 32.4,8; 1 Wa 14.9; 2 Wa 10.29; 17.16; Oze 8.5,6 li fin fè lide sa a, li fè de estati towo ak lò epi li di pèp la:
— Nou moute Jerizalèm kont nou atò pou fè sèvis. Nou menm pèp Izrayèl, men bondye pa nou, bondye ki te fè nou soti kite peyi Lejip.
29Li #Jen 28.19; Jij 18.29 mete yonn nan estati towo yo lavil Betèl, li mete lòt la lavil Dann. 30Se #1 Wa 13.34; 2 Wa 17.21 konsa pèp la rive fè sa ki mal. Y'al fè sèvis pou zidòl yo lavil Betèl ak lavil Dann. #12.30: lavil Betèl ak lavil Dann: Nan tèks ebre a nou jwenn lavil Dann ase. 31Jewoboram #1 Wa 13.32,33; 2 Wa 17.32; 2 Kwo 11.14,15; 13.9 al bati lòt kay zidòl sou tèt kèk mòn. Li chwazi kèk gason nan pèp la ki pat nan branch fanmi Levi yo pou sèvi prèt.
Kondannasyon sèvis zidòl Betèl yo
32Jewoboram #Lev 23.33,34; Nonb 29.12; Am 7.13 chwazi kenzyèm jou nan uityèm mwa a pou yon jou fèt, tankou fèt yo fè nan peyi Jida a. Sou lotèl lavil Betèl la, li touye bèt pou estati towo li te fè fè yo. Lèfini, se la lavil Betèl ankò li mete prèt ki pou sèvi nan lòt kote li te bati pou fè sèvis yo. 33Se konsa, sou kenzyèm jou uityèm mwa a, jou li menm li te chwazi a, li moute lavil Betèl, l'al touye bèt sou lotèl la pou fete fèt li menm li te fè lide fete pou pèp Izrayèl la.

Chwazi Kounye ya:

1 Wa 12: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an