1 Jan 3:11-24

1 Jan 3:11-24 HAT98

Paske, men mesay nou te tande depi nan konmansman an: se pou nou yonn renmen lòt. Piga nou fè tankou Kayen. Nonm sa a se moun Satan li te ye. Li te touye frè li. Epi poukisa atò? Paske sa Kayen t'ap fè a pat bon, men sa frè l t'ap fè a te dwat devan Bondye. Nou pa bezwen sezi, frè m yo, si moun ki nan lemonn yo rayi nou. Nou menm, nou konnen nou sòti nan lanmò, nou antre nan lavi. Nou konn sa, paske nou renmen frè nou yo. Moun ki pa renmen frè l, li mouri. Tout moun ki rayi frè yo, se ansasen yo ye. Nou konnen yon ansasen pa gen lavi ki p'ap janm fini an nan li. Men sa ki fè nou konnen sa renmen ye: Jezikri bay lavi li pou nou. Se poutèt sa nou menm tou, se pou nou bay lavi nou pou frè nou yo. Si yon moun gen dekwa viv, li wè yon frè nan nesesite epi li pa lonje men ba li, kouman yon moun konsa ka pretann li renmen Bondye. Pitit mwen yo, piga nou renmen sèlman nan bouch, nan bèl diskou ak bèl pawòl. Se pou nou renmen tout bon vre. Se pou tout moun wè jan nou renmen lè yo wè sa n'ap fè. Se konsa n'a konnen nou se moun laverite. Se konsa n'a santi nou san kè sote devan Bondye. Si konsyans nou kondannen nou, kidire pou Bondye ki siperyè lontan pase konsyans nou? Li konnen tout bagay. Konsa, zanmi m yo, si konsyans nou pa kondannen nou, nou gen yon gwo lasirans devan Bondye. Tou sa n'a mande l, l'a ban nou l, paske nou menm nou fè tou sa li mande nou, nou fè sa ki fè l plezi. Men sa l mande nou: Se pou nou gen konfyans nan Pitit li, Jezikri. Se pou nou yonn renmen lòt, jan Kris la te ban nou lòd la. Moun ki kenbe kòmandman Bondye yo, y'ap fè yonn ak Bondye, Bondye ap fè yonn ak yo tou. Men ki jan nou konnen Bondye fè yonn ak nou: nou konnen sa paske li ban nou Sentespri li.