Paske, men mesay nou te tande depi nan konmansman an: se pou nou yonn renmen lòt. Piga nou fè tankou Kayen. Nonm sa a se moun Satan li te ye. Li te touye frè li. Epi poukisa atò? Paske sa Kayen t'ap fè a pat bon, men sa frè l t'ap fè a te dwat devan Bondye. Nou pa bezwen sezi, frè m yo, si moun ki nan lemonn yo rayi nou. Nou menm, nou konnen nou sòti nan lanmò, nou antre nan lavi. Nou konn sa, paske nou renmen frè nou yo. Moun ki pa renmen frè l, li mouri. Tout moun ki rayi frè yo, se ansasen yo ye. Nou konnen yon ansasen pa gen lavi ki p'ap janm fini an nan li.
Li 1 Jan 3
Koute 1 Jan 3
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Jan 3:11-15
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo