1 Korent 9:13-23

1 Korent 9:13-23 HAT98

Nou konnen sa byen pwòp: tout moun k'ap travay pou Bondye nan tanp lan, manje yo sou kont tanp lan. Tout moun k'ap ofri bèt pou touye sou lotèl la resevwa pa yo nan vyann bèt yo touye a. Konsa tou, Senyè a bay lòd pou tout moun k'ap anonse bòn nouvèl la fèt pou yo viv sou kont travay bòn nouvèl la. Men, poutèt pa m, mwen pa janm pwofite dwa sa a. Se pa pou fè okenn reklamasyon nonplis kifè m'ap ekri sa. Mwen ta pito mouri pase pou m ta kite moun wete lwanj sa a nan men mwen! Tande byen, se pa yon lwanj pou mwen dèske m'ap anonse bòn nouvèl la. Sa se yon obligasyon yo fè mwen. Malè pou mwen si m pa anonse bòn nouvèl la! Si se mwen ki te chwazi tèt mwen pou fè travay sa a, mwen ta ka gen espwa resevwa lajan pou sa. Men, si se fòse yo fòse m fè travay sa a, lè sa a se yon reskonsabilite Bondye ban mwen. Ki jan yo peye m atò? Tout plezi m se pou m anonse bòn nouvèl la gratis, san m pa egzije anyen nan sa yo dwe m pou travay m'ap fè a lè m'ap anonse bòn nouvèl la. Mwen lib, mwen pa esklav pesonn. Men mwen fè tèt mwen esklav tout moun pou m'ka mennen mezi moun m'kapab vin jwenn Kris. Lè m'ap travay nan mitan moun ki jwif, mwen viv tankou yon jwif pou m ka mennen yo vin jwenn Kris la. Mwen pa anba lalwa Moyiz la. Men, mwen viv tankou si m te anba l lè m'ap travay nan mitan moun ki anba lalwa a, pou m ka mennen yo vin jwenn Kris la. Konsa tou, lè m nan mitan moun ki pa konnen lalwa Moyiz la, mwen viv tankou yo san m pa okipe lalwa a, pou m ka mennen yo vin jwenn Kris la. Sa pa vle di pou sa mwen pa obeyi lalwa Bondye a. Paske mwen menm, mwen anba lalwa Kris la. Avèk moun ki fèb nan konfyans yo, m'ap viv tankou si mwen menm tou mwen te fèb, pou m sa mennen yo vini. Konsa konsa, mwen fè m tout jan ak tout moun pou m ka sove kèk nan yo pa tout mwayen posib. Mwen fè tou sa poutèt bòn nouvèl la, pou m ka resevwa pa m nan benediksyon l yo.