Nou pa kwè se pou nou l'ap pale pito? Men wi. Se pou nou pawòl la te ekri. Se pou moun k'ap bat tè a fè travay la ak espwa y'ap ba li pa l nan rekòt la. Se menm jan an tou pou moun k'ap bat pwa a. Nou simen grenn ki sòti nan Lespri Bondye a nan kè nou. Eske se yon zafè sa ta ye si nou rekòlte nan byen materyèl nou yo? Si lòt moun gendwa sa a sou nou, eske nou menm nou pa gen plis dwa pase yo? Men nou pat pwofite dwa sa a. Okontrè, nou soufri tout bagay pou n pa antrave mach bòn nouvèl ki pale sou Kris la. Nou konnen sa byen pwòp: tout moun k'ap travay pou Bondye nan tanp lan, manje yo sou kont tanp lan. Tout moun k'ap ofri bèt pou touye sou lotèl la resevwa pa yo nan vyann bèt yo touye a.
Li 1 Korent 9
Koute 1 Korent 9
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Korent 9:10-13
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo