1 Korent 9:1-12

1 Korent 9:1-12 HAT98

Eske m pa lib? Eske m pa yon apòt? Eske m pat wè Jezikri, Senyè nou an? Eske nou menm, se pa rezilta travay mwen nan sèvis Senyè a nou ye? Menm si pou lòt moun mwen pa apòt, pou nou menm se apòt mwen ye. Paske, jan n'ap viv ansanm ak Senyè a, nou se prèv se apòt mwen ye. Lè moun ap kritike m, men ki jan mwen defann tèt mwen: Mwen mande yo: Eske m pa gendwa pou yo ban m manje, pou yo ban m bwè pou travay mwen? Eske m pa gendwa fè tankou tout lòt apòt yo, tankou frè Senyè yo ansanm ak Sefas, pou m mennen yon sè ki ta madanm mwen kote m prale? Eske se Banabas avè m ase ki pou fè lòt travay pou n ka viv? Nou janm tande yon sòlda ap fè sèvis nan lame, pou se li menm ankò ki peye tèt li? Ou ankò, eske yon moun pa gendwa manje rezen nan pye rezen li te plante a? Osinon, eske yon gadò mouton pa gendwa bwè lèt mouton l'ap okipe yo? Pa konprann se sèlman nan zafè lèzòm nou jwenn egzanp konsa. Lalwa Moyiz la di menm bagay la tou. Men sa ki ekri nan Liv lalwa a: Pa bay bèf k'ap rale kabwèt la baboukèt. Se lapenn Bondye gen konsa pou bèf yo atò? Nou pa kwè se pou nou l'ap pale pito? Men wi. Se pou nou pawòl la te ekri. Se pou moun k'ap bat tè a fè travay la ak espwa y'ap ba li pa l nan rekòt la. Se menm jan an tou pou moun k'ap bat pwa a. Nou simen grenn ki sòti nan Lespri Bondye a nan kè nou. Eske se yon zafè sa ta ye si nou rekòlte nan byen materyèl nou yo? Si lòt moun gendwa sa a sou nou, eske nou menm nou pa gen plis dwa pase yo? Men nou pat pwofite dwa sa a. Okontrè, nou soufri tout bagay pou n pa antrave mach bòn nouvèl ki pale sou Kris la.