Nan lèt mwen te ekri nou an, mwen te mande pou n pa mele ak moun k'ap viv nan imoralite. Lè sa a, mwen pat gen nan lide mande nou pou n separe ak tout moun sou latè k'ap viv nan dezòd lachè, ki gen lanvi plen kè yo, k'ap vòlò osinon k'ap sèvi zidòl. Pou n ta egzante tout moun sa yo, se kite pou n ta kite tè a nèt. Mwen te vle di pou n pa mele ak yon nonm ki swadizan frè nou nan Kris la, men k'ap viv nan dezòd, ki gen lanvi plen kè l, k'ap sèvi zidòl, k'ap pale moun mal, ki tafyatè, osinon ki vòlò. Nou pa dwe menm chita sou menm tab pou n manje ak yon nonm konsa.
Li 1 Korent 5
Koute 1 Korent 5
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Korent 5:9-11
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo