Bondye voye Sentespri li ki devwale sekrè travay sa a ban nou. Lespri Bondye sonde tout bagay, menm sa ki nan fon sekrè Bondye. Pran nenpòt moun: Kilès ki ka konnen sa ki nan kè li? Se lespri ki nan li a sèlman ki ka konn sa. Konsa tou, sèl Lespri Bondye a konnen tout bagay ki nan Bondye. Se pa lespri k'ap travay nan moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn lan nou te resevwa. Lespri nou resevwa a, se Lespri Bondye te voye ban nou an pou n te ka konnen tout favè Bondye te fè nou.
Li 1 Korent 2
Koute 1 Korent 2
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Korent 2:10-12
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo