Frè m yo, lè mwen te al lakay nou, se pat avèk gwo diskou ni bèl pawòl mwen te fè nou konnen plan travay Bondye ki te kache a. Mwen te mete nan tèt mwen pou m te bliye tout bagay sa yo. Yon sèl bagay mwen te konnen tout tan mwen te la ansanm ak nou an, se Jezikri, epi sèlman Jezikri yo te kloure sou kwa a. Mwen te vin devan nou tou fèb. Mwen t'ap tranble kou fèy bwa sitèlman mwen te pè. Lè m te fè nou konnen tout bagay sa yo, lè m te anonse nou nouvèl la, se pat avèk bèl pawòl bon konprann lèzòm mwen t'ap chache pran tèt nou. Men, se te avèk pouvwa Lespri Bondye a ki t'ap bay tout prèv pou fè nou kwè. Konsa, konfyans nou gen nan Bondye a pa chita sou bon konprann lèzòm, men sou pouvwa Bondye.
Li 1 Korent 2
Koute 1 Korent 2
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Korent 2:1-5
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo