1 Korent 16:5-18

1 Korent 16:5-18 HAT98

M'a vin lakay nou lè m'a fin pase nan peyi Masedouàn. Paske, fòk mwen pase la anvan. Mwen ka rete pase kèk jou lakay nou. Mwen ka menm pase tout sezon fredi a avè nou. Apre sa, n'a ka ede m ale kote m'a gen pou mwen ale a. Fwa sa a, mwen pa vle wè nou anpasan konsa. Mwen ta renmen rete pase kèk tan ak nou, si Bondye vle. Men, mwen fè lide rete isit nan lavil Efèz jouk pou fèt Lapannkòt. Paske nan lavil sa a, mwen jwenn yon bon okazyon pou m fè travay mwen, atout gen anpil moun ki pa vle wè mwen. Si Timote rive bò kote nou ye a, n'a fè yon jan pou l santi l lakay li nan mitan nou, paske se menm jan avè mwen li travay pou Senyè a. Pa kite pèsonn meprize li. Se pou nou ede l pou li ka kontinye vwayaj li ak kè poze, pou l ka tounen vin jwenn mwen. Paske, n'ap tann li ak frè yo. Kanta frè Apolòs, mwen pat manke ankouraje l pou l te vin lakay nou. Men, sanble lide li pa sou sa kounyeya. Enben, l'a fè vwayaj la lè l'a kapab. Pa bliye kò nou. Kenbe fèm nan konfyans nou. Mete kouray sou nou. Pa moutre nou fèb. Se pou nou fè tout bagay avèk renmen nan kè nou. Frè m yo, nou konnen Estefanas ak tout fanmi li. Nou konnen se yo menm premye moun nan peyi Lakayi ki te mete konfyans yo nan Kris la. Tout moun nan fanmi an te ofri tèt yo pou sèvi pèp Bondye a. Enben, moun konsa ansanm ak moun nou wè k'ap travay ak yo epi k'ap sèvi ak yo, nou mèt kite yo mennen nou. Mwen pa manke kontan pou Estefanas, Fòtinatis, Akaykis ki vin wè mwen. Yo fè m santi se tankou si se nou menm menm ki te la avèk mwen. Yo remoute kouray mwen, menm jan yo te remoute kouray nou. Moun konsa, se pou nou konnen ki jan pou nou konsidere yo.