1 Korent 15:20-34

1 Korent 15:20-34 HAT98

Men, se pa konsa bagay la ye. Okontrè, Kris resisite soti nan lanmò. Konsa li bay garanti tout moun ki mouri gen pou yo resisite tou. Paske menm jan se yon sèl moun ki fè lanmò antre sou latè, menm jan an tou se yon sèl moun ki fè moun ki mouri yo kapab leve vivan ankò. Menm jan tout moun gen pou mouri paske yo fè yonn ak Adan, konsa tou, tout moun ki fè yonn ak Kris la ap gen lavi ankò. Men, chak moun va leve sòti nan lanmò nan tan pa yo: Kris la an premye anvan tout moun, apre sa, moun ki pou Kris la, se va tou pa yo pou yo leve sòti vivan lè Kris la va tounen ankò. Apre sa, se va lafen. Lè sa a, Kris la menm pral kraze tout chèf, tout otorite ak tout pouvwa. Lè l fini, l'ap renmèt gouvènman peyi kote li wa a nan men Bondye Papa a. Paske Kris la gen pou l gouvènen tankou yon wa jouk lè Bondye va fin genyen batay la nèt sou tout lènmi l yo, pou l mete yo anba pye li. Nan tout lènmi l yo, se lanmò k'ap kraze an dènye. Se sa ki ekri nan Liv la: Bondye mete tout bagay anba pye li. Men, lè yo di: tout bagay, nou tou konprann Bondye pa ladan l, paske se li menm k'ap mete tout bagay sou lòd Kris la. Apre tout bagay va vin sou lòd Kris la, li menm, Pitit la, li va soumèt tèt li devan Bondye ki va mete tout bagay anba pye li. Konsa, Bondye li menm va donminen nèt sou tout bagay. Kounyeya ann konsidere moun ki resevwa batèm pou moun ki mouri deja yo: Dèyè kisa yo te ye menm lè yo te fè sa? Si se vre moun mouri pa janm leve jan yo di a, poukisa pou yo te resevwa batèm pou moun ki mouri deja yo? Epi mwen menm atò, poukisa tout tan m'ap riske lavi mwen konsa? Frè m yo, se chak jou m'ap manke mouri. Si m di nou sa, se paske nou fè mwen kontan anpil jan nou viv ansanm nan Jezikri, Senyè nou an. Si se te pou rezon lèzòm mete nan tèt yo mwen te goumen yon jan tankou ak bèt fewòs isit nan lavil Efèz la, ki avantaj mwen jwenn nan sa? Yon fwa moun ki mouri p'ap janm leve vivan ankò, ann fè tankou pwovèb la di: Ann manje, ann bwè, paske denmen n'ap mouri. Piga nou twonpe tèt nou: move zanmi gate bon levasyon. Reprann bon sans nou. Sispann fè peche. M'ap di nou sa pou m fè nou manyè wont, paske gen anpil nan nou ki pa konn Bondye menm.

Plan lekti ak devosyon gratis yo ki gen rapò ak 1 Korent 15:20-34