Frè m yo, mwen vle fè nou chonje bòn nouvèl mwen te anonse nou an, bòn nouvèl nou te resevwa a. Se ladan l tou nou kanpe byen fèm. Se li menm k'ap delivre nou tou, depi nou kenbe l jan mwen te anonse l ban nou an. Si se pa konsa, se ta pou gremesi nou ta mete konfyans nou nan Bondye. Bagay mwen te moutre nou, se sa mwen menm mwen te resevwa. Se yo menm ki pi konsekan. Men yo: Kris te mouri pou peche nou, dapre sa ki ekri nan Liv la. Yo te antere li. Li resisite sou twa jou, jan sa ekri nan Liv la tou. Li te fè Pyè wè li. Lèfini li te fè douz apòt yo wè l tou.
Li 1 Korent 15
Koute 1 Korent 15
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Korent 15:1-5
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo