1 Korent 15:1-19

1 Korent 15:1-19 HAT98

Frè m yo, mwen vle fè nou chonje bòn nouvèl mwen te anonse nou an, bòn nouvèl nou te resevwa a. Se ladan l tou nou kanpe byen fèm. Se li menm k'ap delivre nou tou, depi nou kenbe l jan mwen te anonse l ban nou an. Si se pa konsa, se ta pou gremesi nou ta mete konfyans nou nan Bondye. Bagay mwen te moutre nou, se sa mwen menm mwen te resevwa. Se yo menm ki pi konsekan. Men yo: Kris te mouri pou peche nou, dapre sa ki ekri nan Liv la. Yo te antere li. Li resisite sou twa jou, jan sa ekri nan Liv la tou. Li te fè Pyè wè li. Lèfini li te fè douz apòt yo wè l tou. Apre sa, li te fè pou pi piti senksan (500) frè wè l anmenmtan. Gen ladan yo ki mouri deja, men pifò ladan yo ap viv jouk kounyeya toujou. Yon lòt fwa li te parèt ankò, li te fè Jak wè li. Apre sa, li te fè tout lòt apòt yo wè l ankò. Apre tout moun sa yo, li te fè m wè l tou, mwen menm ki tou sanble yon pitit ki fèt anvan tèm. Se mwen menm ki pi piti nan apòt yo. Mwen pa menm merite pou yo ta rele m apòt, pou jan m te pèsekite legliz Bondye a. Se favè Bondye fè m lan ki fè m sa m ye a. Men, li pat gaspiye favè l lè li te fè sa pou mwen. Okontrè, mwen travay pase tout lòt apòt yo. Men, pou di vre, se pa mwen menm ki fè travay sa yo, se favè Bondye fè m lan ki fè sa konsa. Se sa k fè, kit se mwen, kit se lòt apòt yo, sa m sot di a, se sa nou tout n'ap fè moun konnen, se pa nan lòt bagay nou te kwè. Men sa n'ap fè nou konnen an: Kris la te leve sòti vivan nan lanmò. Bon. Kouman fè gen lòt moun nan mitan nou k'ap di moun mouri yo p'ap leve ankò? Si moun mouri yo p'ap leve ankò, Kris la tou pa te leve sòti vivan nan lanmò. Si Kris la pa te leve sòti vivan nan lanmò, mwen menm mwen pa ta gen anyen pou m anonse nou, epi nou menm, nou pa ta gen anyen pou nou kwè. Sa ki pi rèd ankò, yo ta mèt di n'ap fè manti sou Bondye lè nou di Bondye te fè Kris la leve sòti vivan nan lanmò. Paske sa pa ta vre, si moun mouri pa leve. Si moun mouri pa ka leve, Kris la tou pa te leve sòti vivan nan lanmò. Si Kris la pa te leve sòti vivan nan lanmò, sa nou te kwè a pa ta vo anyen, paske nou ta toujou ap viv nan peche nou yo. Konsa tou, tout moun sa yo ki te kwè nan Kris la epi ki mouri deja, yo tout se moun ki pèdi nèt tou. Si espwa nou gen nan Kris la se sèlman pou lavi sa a li bon, nou se moun ki pi malere ki ta gen sou latè.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an