1 Korent 12:4-26

1 Korent 12:4-26 HAT98

Gen divès kalite don Sentespri a bay. Men, se menm Lespri Bondye a ki bay tout. Gen divès jan moun ka sèvi Bondye, men se yon sèl Senyè a n'ap sèvi. Gen divès kalite travay nan sèvis la, men se yon sèl Bondye ki bay chak moun travay pa yo nan tout sèvis k'ap fèt. Lespri Bondye a fè travay li yon jan nan lavi chak moun, men li fè l pou byen tout moun. Lespri a bay yon moun don pou l pale avèk bon konprann. Menm Lespri a bay yon lòt moun don pou l pale avèk anpil konesans. Se menm Lespri a ki bay yon moun lafwa, se li menm tou ki bay yon lòt don pou l geri moun malad. Lespri a bay yon moun don pou li fè mirak. Li bay yon lòt don pou li bay mesaj Bondye a. Li bay yon lòt ankò don pou li distenge travay movèzespri yo ak travay Lespri Bondye a. Li bay yon moun don pou li ka pale langaj. Li bay yon lòt don pou li ka esplike sa langaj la vle di. Men, se yon sèl Lespri a ki fè tou sa. Li bay chak moun yon kado diferan jan li vle. Konsa, Kris la se tankou yon kò ki gen anpil manm. Kò a toujou yon sèl kò, ou mèt wè li gen anpil manm. Se sa k fè, nou menm, kit nou jwif, kit nou pa jwif, kit nou esklav, kit nou pa esklav, nou tout nou te resevwa batèm pou n te ka fè yon sèl kò ansanm, pa pouvwa yon sèl Lespri a. Nou tout nou te bwè nan yon sèl Lespri a. Se pa yon sèl manm ki fè yon kò. Se anpil manm ki fè yon kò. Si pye te ka di: Paske se pa yon men mwen ye, mwen p'ap fè pati kò a, se pa sa ki pou ta fè l pa fè pati kò a vre. Si zòrèy te ka di: Paske se pa yon grenn je mwen ye, mwen p'ap fè pati kò a, se pa sa ki pou ta fè l pa fè pati kò a vre. Si tout kò a te yon grenn je, ki jan l ta ka tande? Si l te yon zòrèy, ki jan l ta ka pran sant? Men, Bondye mete divès manm nan plas yo nan kò a, jan l vle. Pa ta gen yon kò si tout te yon sèl kalite manm. Konsa, gen anpil manm, men gen yon sèl kò. Nan kondisyon sa a, grenn je a pa ka di men an: Mwen pa bezwen ou. Tèt la pa ka di pye yo: Mwen pa bezwen nou. Okontrè, manm ki parèt pi fèb nan kò nou, se yo ki pi nesesè. Manm nan kò nou nou pa bay gwo konsiderasyon, nou pran swen yo plis pase lòt yo. Manm nou pa ka pale sou yo nan lasosyete, se yo menm ki resevwa yon swen apa. Manm nan kò nou ki pi prezantab, yo pa bezwen tou sa. Bondye ranje kò a yon jan pou manm ki pa jwenn anpil konsiderasyon an se li ki jwenn plis swen pase lòt yo. Konsa, pa gen divizyon nan kò a. Men tout manm yo, yonn pran swen lòt menm jan an. Si yon manm nan kò a ap soufri, tout lòt yo ap soufri avè l tou. Si yon manm resevwa lwanj, tout lòt yo kontan avèk li.

Plan lekti ak devosyon gratis yo ki gen rapò ak 1 Korent 12:4-26