Nan kondisyon sa a, grenn je a pa ka di men an: Mwen pa bezwen ou. Tèt la pa ka di pye yo: Mwen pa bezwen nou. Okontrè, manm ki parèt pi fèb nan kò nou, se yo ki pi nesesè. Manm nan kò nou nou pa bay gwo konsiderasyon, nou pran swen yo plis pase lòt yo. Manm nou pa ka pale sou yo nan lasosyete, se yo menm ki resevwa yon swen apa. Manm nan kò nou ki pi prezantab, yo pa bezwen tou sa. Bondye ranje kò a yon jan pou manm ki pa jwenn anpil konsiderasyon an se li ki jwenn plis swen pase lòt yo. Konsa, pa gen divizyon nan kò a. Men tout manm yo, yonn pran swen lòt menm jan an. Si yon manm nan kò a ap soufri, tout lòt yo ap soufri avè l tou. Si yon manm resevwa lwanj, tout lòt yo kontan avèk li. Nou tout, nou se kò Kris la: nou chak se yon manm nan kò sa a.
Li 1 Korent 12
Koute 1 Korent 12
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Korent 12:21-27
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo