1 Korent 12:18-30

1 Korent 12:18-30 HAT98

Men, Bondye mete divès manm nan plas yo nan kò a, jan l vle. Pa ta gen yon kò si tout te yon sèl kalite manm. Konsa, gen anpil manm, men gen yon sèl kò. Nan kondisyon sa a, grenn je a pa ka di men an: Mwen pa bezwen ou. Tèt la pa ka di pye yo: Mwen pa bezwen nou. Okontrè, manm ki parèt pi fèb nan kò nou, se yo ki pi nesesè. Manm nan kò nou nou pa bay gwo konsiderasyon, nou pran swen yo plis pase lòt yo. Manm nou pa ka pale sou yo nan lasosyete, se yo menm ki resevwa yon swen apa. Manm nan kò nou ki pi prezantab, yo pa bezwen tou sa. Bondye ranje kò a yon jan pou manm ki pa jwenn anpil konsiderasyon an se li ki jwenn plis swen pase lòt yo. Konsa, pa gen divizyon nan kò a. Men tout manm yo, yonn pran swen lòt menm jan an. Si yon manm nan kò a ap soufri, tout lòt yo ap soufri avè l tou. Si yon manm resevwa lwanj, tout lòt yo kontan avèk li. Nou tout, nou se kò Kris la: nou chak se yon manm nan kò sa a. Se konsa, nou wè nan legliz la Bondye mete apòt yo an premye, pwofèt yo an dezyèm, dirèktè yo an twazyèm. Apre sa, nou jwenn moun k'ap fè mirak, moun ki gen don pou geri moun malad, moun k'ap ede lòt, moun k'ap dirije, moun ki gen don pou pale divès lang. Men, tout moun pa apòt, tout moun pa pwofèt, tout moun pa dirèktè, tout moun pa gen don pou fè mirak. Tout moun pa gen don pou geri moun malad. Tout moun pa gen don pou pale langay, osinon pou esplike sans pawòl langay la.