Konsa, Kris la se tankou yon kò ki gen anpil manm. Kò a toujou yon sèl kò, ou mèt wè li gen anpil manm. Se sa k fè, nou menm, kit nou jwif, kit nou pa jwif, kit nou esklav, kit nou pa esklav, nou tout nou te resevwa batèm pou n te ka fè yon sèl kò ansanm, pa pouvwa yon sèl Lespri a. Nou tout nou te bwè nan yon sèl Lespri a. Se pa yon sèl manm ki fè yon kò. Se anpil manm ki fè yon kò. Si pye te ka di: Paske se pa yon men mwen ye, mwen p'ap fè pati kò a, se pa sa ki pou ta fè l pa fè pati kò a vre. Si zòrèy te ka di: Paske se pa yon grenn je mwen ye, mwen p'ap fè pati kò a, se pa sa ki pou ta fè l pa fè pati kò a vre. Si tout kò a te yon grenn je, ki jan l ta ka tande? Si l te yon zòrèy, ki jan l ta ka pran sant?
Li 1 Korent 12
Koute 1 Korent 12
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Korent 12:12-17
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo