Gason an pa bezwen kouvri tèt li, paske se pòtre Bondye li ye. Tankou nan yon glas, li fè wè bèl pouvwa Bondye a. Men, fanm lan menm se pouvwa gason an li fè wè. Paske, se pat avèk moso nan kò yon fanm Bondye te kreye gason, se avèk moso nan kò yon gason li te fè fanm. Se pa pou fanm Bondye te kreye gason, men se pou gason Bondye te kreye fanm. Se poutèt sa, akòz zanj Bondye yo, fanm lan dwe pote yon mak sou tèt li pou moutre li soumèt anba otorite mari li. Men, nan lavi n'ap mennen ansanm ak Senyè a, fanm bezwen sèvis gason, gason bezwen sèvis fanm. Paske, menm jan se avèk moso kò yon gason Bondye te kreye fanm, konsa tou se nan vant fanm gason sòti. Men, tout bagay sòti nan Bondye.
Li 1 Korent 11
Koute 1 Korent 11
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Korent 11:7-12
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo