1 Korent 11:16-33

1 Korent 11:16-33 HAT98

Si yon moun vle pouse diskisyon sa a pi lwen, mwen menm se tou sa mwen gen pou m di li: ni nou menm, ni lòt legliz Bondye yo, nou pa gen lòt koutim nou swiv lè nou nan sèvis. Pou sa m'ap di nou koulyeya, mwen pa fè nou konpliman menm. Paske lè nou reyini, nou fè tèt nou plis tò pase nou fè tèt nou byen. Pou konmanse, mwen tande lè nou sanble pou sèvis la, nou fè ti pil gwo pil. Mwen konnen sa pa fin manti nèt. (Ap toujou gen divizyon nan mitan nou pou yo ka rekonèt moun ki kwè tout bon yo ak moun ki pa kwè yo.) Lè nou reyini ansanm, genlè se pa manje Senyè a nou vin manje. Paske, lè nou chita bò tab la, chak moun ap prese manje manje pa li. Lè konsa, yon pati rete grangou, yon lòt menm gentan sou sitèlman li bwè. Mwen te kwè nou gen lakay nou pou n manje, pou n bwè? Gen lè se respè nou manke konsa pou legliz Bondye a? Osinon, eske se wont nou vle fè moun ki pa gen anyen yo wont? Kisa nou ta vle mwen di nou sou sa? Nou ta vle m fè nou konpliman? O non! Nou tou wè mwen pa kapab fè nou konpliman pou sa! Paske, men sa Senyè a te fè m konnen, se sa menm mwen te moutre nou tou: Jou lannwit yo te trayi l la, Senyè Jezi te pran pen, lè li fin di Bondye mèsi li kase l, epi li di: Sa a se kò m, se pou nou li ye. Se pou nou fè sa pou nou ka chonje mwen. Konsa tou, apre yo fin manje, li pran gode diven an, li di yo: Gode sa a se nouvo kontra Bondye fè avè nou nan san mwen. Se pou nou fè sa chak fwa n'ap bwè ladan l pou nou ka chonje mwen. Se konsa, chak fwa n'ap manje pen sa a, chak fwa n'ap bwè nan gode sa a, se lanmò Kris la n'ap anonse jouk jou Senyè a gen pou l vini an. Se poutèt sa, si yon moun manje pen Senyè a, osinon li bwè nan gode Senyè a yon jan ki pa konvnab, moun sa a koupab, paske li peche ni kont kò Senyè a ni kont san li an. Se pou chak moun egzaminen tèt yo byen anvan. Se konsa y'a mèt manje pen sa a, y'a mèt bwè nan gode sa a. Si yon moun manje pen sa a, si l bwè nan gode sa a san li pa rekonèt rapò pen an ansanm ak diven an gen avèk kò Senyè a, se rale l'ap rale yon jijman sou tèt li lè l'ap manje pen an ak lè l'ap bwè nan gode a. Se sa k fè gen anpil moun malad konsa nan mitan nou, anpil moun k'ap soufri feblès, san konte sa ki mouri deja. Si nou te egzaminen tèt nou byen anvan, nou pa ta tonbe anba jijman Bondye a. Men, Senyè a jije nou, li pini nou konsa pou li sa pa kondannen nou ansanm ak moun ki nan lemonn yo. Se sa k fè, frè m yo, lè nou reyini ansanm pou manje manje Senyè a, se pou yonn tann lòt.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an