1 Kwonik 28:11-20

1 Kwonik 28:11-20 HAT98

Apre sa, David bay Salomon plan tout kay Tanp lan, plan tout chanm ak tout depo yo, plan tout lòt chanm sou anwo yo, chanm anndan yo ak plan gwo chanm yo mete apa pou Bondye a, kote yo fè sèvis pou mande padon pou peche yo. Li ba li plan tout bagay li te gen nan tèt li pou lakou Tanp yo, pou tout chanm ki bay sou lakou yo, pou depo veso yo sèvi nan Tanp lan ak pou depo bagay yo ofri pou mete apa pou Senyè a. David te ba li tou jan pou li òganize prèt yo ak moun Levi yo pou yo fè travay yo, jan pou yo fè tout sèvis nan kay Senyè a, ak jan pou yo okipe tout veso Tanp lan. Li di li konbe ajan ak lò la bezwen pou fè veso yo, pou chak lanp pou chak gwo lanp sèt branch fèt ak lajan osinon ak lò ak pèz yo chak dwe genyen dapre sèvis yo, pou chak tab an ajan osinon an lò kote pou yo ranje pen yo mete apa pou Senyè a. Li di li konbe lò l'a bezwen pou fè fouchèt yo, bòl yo, gwo gode yo, ak lòt veso lajan osinon lò dapre pèz yo chak. Li di l konbe bon lò l'ap bezwen pou fè lotèl lansan an, ak lò pou fè kabwa a, pou pòtre zanj cheriben yo ak zèl yo louvri sou Bwat Kontra Senyè a. David di li: — Tout plan travay la ekri an detay nan yon liv dapre lòd Senyè a menm te ban mwen. Li esplike m tou sa pou m fè. Apre sa, wa David di Salomon, pitit li a: — Mete gason sou ou! Pran kouray, pitit mwen! Fè sa ou gen pou fè a! Pa kite anyen fè ou pè, paske Senyè a, Bondye mwen an, kanpe la avè ou, jouk tout travay pou sèvis Tanp lan fini.