1 Kwonik 28:1-7

1 Kwonik 28:1-7 HAT98

David mande pou tout otorite peyi Izrayèl la reyini lavil Jerizalèm. Se konsa tout chèf branch fanmi yo, tout chèf gwoup ki te reskonsab dirije peyi a pou wa a, tout kòmandan rejiman mil sòlda yo ak kòmandan divizyon san sòlda yo, jeran tout tè ak gadò tout bèt ki pou wa a ak pou pitit li yo, moun konfyans li yo, chèf lame li yo ak tout vanyan sòlda li yo, yo tout reyini lavil Jerizalèm. David kanpe devan yo tout, li di yo konsa: — Frè m yo ak nou tout moun nan pèp mwen an, koute sa m'ap di nou. Mwen te fè lide bati yon kay kote pou Bwat Kontra Senyè a rete, yon kay kote Senyè a ka mete fòtèy li. Mwen te pare tout bagay pou bati kay la. Men, Bondye te fè m konnen mwen p'ap ka bati kay la pou li paske se sòlda mwen ye, mwen fè twòp san koule. Men se mwen menm Senyè a, Bondye Izrayèl la, te chwazi nan mitan tout fanmi m yo pou fè m wa peyi Izrayèl la pou tout tan. Li te chwazi branch fanmi Jida a pou pran kòmandman peyi a. Nan branch fanmi Jida a, li chwazi fanmi papa m. Nan fanmi papa m, sa te fè l plezi pou l chwazi m pou l mete m wa sou tout peyi Izrayèl la. Koulyeya, Senyè a te ban mwen anpil pitit. Men, nan tout pitit sa yo, li te chwazi Salomon pou chita sou fotèy la pou gouvènen pèp Izrayèl la ak pouvwa l'ap ba li. Senyè a te di m tou: Se Salomon, pitit gason ou lan, ki va bati kay mwen an ak tout lakou yo. Se li menm mwen chwazi pou pitit mwen. M'a yon papa pou li. M'ap fè gouvènman l lan kanpe fèm pou tout tan, depi li menm li toujou kenbe lòd mwen, depi li toujou mache dapre kòmandman m yo jan l'ap fè l jòdi a.