Men, menm jou lannwit sa a, Bondye pale ak Natan. Li di l konsa: — Ale di David, sèvitè m lan, men sa mwen menm Senyè a, mwen voye di l: Se pa ou menm ki pral bati yon tanp pou m rete. Depi jou mwen te fè moun pèp Izrayèl yo kite peyi Lejip la jouk rive jodi a, mwen pa janm rete nan yon kay. Tout kote mwen pase, se anba tant mwen toujou ye. Nan tout deplasman mwen ansanm ak moun Izrayèl yo, mwen pa janm mande yonn nan chèf mwen te chwazi pou gouvènen pèp mwen an poukisa yo pa bati yon kay ak bwa sèd pou mwen. Kounyeya, men sa w'a di David, sèvitè m lan: Men sa Senyè ki gen tout pouvwa a voye di ou: Se mwen menm ki te pran ou dèyè mouton ou t'ap gade nan savann yo, mwen mete ou chèf pèp Izrayèl la, pèp mwen an. Kote ou pase, mwen te kanpe la avè ou. Mwen kraze tout lènmi ou yo devan ou. Mwen pral fè yo nonmen non ou tankou y'ap nonmen non pi gwo chèf ki sou latè.
Li 1 Kwonik 17
Koute 1 Kwonik 17
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Kwonik 17:3-8
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo