Wa David te byen chita nan palè li. Yon jou, li fè rele pwofèt Natan, li di li: — Gade! Mwen rete nan yon kay bati ak bon jan bwa sèd, epi men Bwat Kontra Senyè a, se anba yon tant li ye. Natan reponn li: — Tou sa ou gen lide fè, ou mèt fè l paske Senyè a kanpe la avèk ou. Men, menm jou lannwit sa a, Bondye pale ak Natan. Li di l konsa: — Ale di David, sèvitè m lan, men sa mwen menm Senyè a, mwen voye di l: Se pa ou menm ki pral bati yon tanp pou m rete.
Li 1 Kwonik 17
Koute 1 Kwonik 17
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Kwonik 17:1-4
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo