1
Matthïeu 10:16
Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen
Veye byen, Mwen voye nou tankou mouton nan mitan lou. Konsa, se pou nou saj kon sèpan, men inosan kon toutrèl.
Konpare
Eksplore Matthïeu 10:16
2
Matthïeu 10:39
Sila k ap konsève lavi li, li va pèdi li; men sila ki pèdi vi li pou Mwen, l ap twouve li.
Eksplore Matthïeu 10:39
3
Matthïeu 10:28
Epi pa pè sa ki kapab touye kò a men ki pa ka touye nanm nan. Men pito pè sila ki kapab detwi ni nanm nan, ni kò a nan lanfè.
Eksplore Matthïeu 10:28
4
Matthïeu 10:38
Epi sila ki pa pran kwa li pou swiv Mwen, li pa merite Mwen.
Eksplore Matthïeu 10:38
5
Matthïeu 10:32-33
Pou sa, tout moun ki konfese M devan lòm, Mwen menm osi, M ap konfese l devan Papa m ki nan syèl la. Men nenpòt moun ki renye m devan lòm, M ap renye l devan papa M ki nan syèl la.
Eksplore Matthïeu 10:32-33
6
Matthïeu 10:8
Geri malad yo, leve mò yo, pirifye lepre yo, chase move lespri yo. Nou te resevwa gratis, nou mèt bay gratis.
Eksplore Matthïeu 10:8
7
Matthïeu 10:31
Konsa, nou pa bezwen pè. Nou gen bokou plis valè pase anpil zwazo.
Eksplore Matthïeu 10:31
8
Matthïeu 10:34
Pa sipoze ke Mwen vini pou pote lapè sou latè. Mwen pa t vini pou pote lapè, men nepe.
Eksplore Matthïeu 10:34
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo