1
Luc 6:38
Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen
“Bay, e li va remèt a nou; bon mezi, byen peze, souke ansanm, menm debòde, yo va vide sou nou. Paske avèk mezi ou mezire a, li va mezire bay ou anretou.”
Konpare
Eksplore Luc 6:38
2
Luc 6:45
“Yon bon nonm, nan trezò a kè li, pote sa ki bon; epi moun mechan an nan trezò mechan an va fè parèt sa ki mechan; paske bouch li pale sa ki ranpli kè li.
Eksplore Luc 6:45
3
Luc 6:35
“Men renmen lènmi nou yo, fè byen, e prete, san sipoze ke yo va remèt; epi rekonpans nou va gran, e nou va vin fis a Trè Wo a; paske Li menm, Li plen charite pou lèzòm engra e malveyan.
Eksplore Luc 6:35
4
Luc 6:36
“Fè mizerikòd menm jan ke Papa nou fè mizerikòd.
Eksplore Luc 6:36
5
Luc 6:37
“Pa jije e nou p ap jije; pa kondane, e nou p ap kondane; padone, e nou va padone.
Eksplore Luc 6:37
6
Luc 6:27-28
“Men Mwen di nou menm k ap tande: renmen lènmi nou yo, e fè byen a sila ki rayi nou yo. Beni sila ki bannou madichon yo. “Priye pou sila ki maltrete nou yo.
Eksplore Luc 6:27-28
7
Luc 6:31
“Menm jan ke nou vle moun aji avèk nou, fè l menm jan an nan menm fason an.
Eksplore Luc 6:31
8
Luc 6:29-30
“Nenpòt moun ki frape nou sou yon bò figi, ofri li lòt la tou; epi sila ki pran manto nou, pa refize li chemiz lan tou. “Bay a tout sila ki mande nou yo, e sila ki pran sa ki pou nou, pa mande l remèt li.
Eksplore Luc 6:29-30
9
Luc 6:43
“Paske nanpwen bon ab ki pote move fwi; e lòt kote, yon move ab ki pwodwi bon fwi.
Eksplore Luc 6:43
10
Luc 6:44
Paske chak ab rekonèt pa pwòp fwi li. Konsa, lèzòm pa ranmase fig frans nan bwa zepin, ni yo p ap rekòlte fwi rezen nan yon touf pikan.
Eksplore Luc 6:44
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo