1
Luc 13:24
Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen
“Fè efò pou antre pa pòt etwat la; paske anpil, Mwen di nou, va eseye antre, e yo p ap kapab.
Konpare
Eksplore Luc 13:24
2
Luc 13:11-12
Epi vwala, te gen yon fanm ki t ap vèse san pandan diz-uit lane. Li te gen yon maladi ki te fèt pa yon move lespri, ki fè l koube doub, e li pa t kapab drese menm. Lè Jésus te wè l, Li te rele li vini. Li te di l: “Fanm, ou lib de enfimite ou a”.
Eksplore Luc 13:11-12
3
Luc 13:13
Li te poze men Li sou li, e imedyatman, li te drese dwat ankò, e te kòmanse bay lwanj a Bondye.
Eksplore Luc 13:13
4
Luc 13:30
“Gade byen, gen kèk moun ki dènye ki va vin premye, e kèk moun ki premye ki va vin dènye.”
Eksplore Luc 13:30
5
Luc 13:25
Depi mèt kay la leve efèmen pòt la, epi konsa, n ap kanpe deyò pou di: ‘Senyè, ouvri pou nou’. Alò, li va reponn, e va di nou: ‘Mwen pa konnen nou, ni kote nou sòti’.
Eksplore Luc 13:25
6
Luc 13:5
“Mwen di nou non, men amwenske nou repanti, nou tout va peri menm jan an.”
Eksplore Luc 13:5
7
Luc 13:27
“Epi Li va di: ‘Mwen di nou, Mwen pa konnen kote nou sòti. Kite Mwen, nou tout ki fè inikite.’
Eksplore Luc 13:27
8
Luc 13:18-19
Konsa Li t ap di: “A kisa wayòm Bondye a sanble, e a kilès Mwen kapab konpare li? Se tankou yon grenn moutad ke yon mesye te ale jete nan pwòp jaden li. Li te grandi e li te vin tounen yon pyebwa, epi zwazo anlè yo te vin fè nich nan branch li.”
Eksplore Luc 13:18-19
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo