1
Rev 1:8
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Senyè a deklare: “Mwen se Alfa ak Omega, mwen se premye, mwen se dènye. Se mwen ki la, ki te la, epi k ap vini an, sila a ki gen tout pouvwa a.”
Konpare
Eksplore Rev 1:8
2
Rev 1:18
Se mwen menm ki vivan an. Mwen te mouri, men kounye a, mwen vivan pou tout tan epi mwen gen pouvwa sou lanmò, mwen gen pouvwa sou kote mò yo ye a.
Eksplore Rev 1:18
3
Rev 1:3
Moun k ap li liv sa a ansanm ak moun yo k ap tande sa liv sa a di, moun sa yo se moun ki ere, si yo mete an pratik pawòl sa yo. Paske moman ki fikse pou bagay sa yo prèske rive.
Eksplore Rev 1:3
4
Rev 1:17
Lè m wè l, mwen tonbe nan pye l, menm jan ak yon moun mouri. Li poze men dwat li sou mwen epi li di: “Ou pa bezwen pè! Se mwen menm ki premye a, se mwen menm ki dènye a.
Eksplore Rev 1:17
5
Rev 1:7
Gade, men l ap vini avèk nyaj yo! Tout je moun ap wè l, menm moun yo ki te pèse kò l yo. Tout moun sou latè ap kriye anpil epi y ap pote dèy poutèt li menm. Wi, sa pral rive! Amèn!
Eksplore Rev 1:7
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo