1
Revelasyon 16:15
1998 Haïtienne
Koute, m'ap vini tankou yon vòlè. Benediksyon pou moun ki pa kite dòmi pran yo, ki kenbe tout rad yo sou yo pou yo pa mache toutouni, pou yo pa wont moun wè yo konsa!
Konpare
Eksplore Revelasyon 16:15
2
Revelasyon 16:12
Sizyèm zanj lan vide gode pa l la nan gwo larivyè Lefrat la. Rivyè a cheche pou l te ka kite wa ki sòti bò kote solèy leve yo pase.
Eksplore Revelasyon 16:12
3
Revelasyon 16:14
Se te twa move lespri ki t'ap fè gwo mirak. Yo pral sanble dènye wa ki sou latè pou batay ki pral fèt nan gwo jou Bondye ki gen tout pouvwa a.
Eksplore Revelasyon 16:14
4
Revelasyon 16:13
Apre sa, mwen wè twa move lespri ki t'ap sòti yonn nan bouch dragon an, yonn nan bouch bèt la, yonn nan bouch fo pwofèt la. Yo te tankou krapo.
Eksplore Revelasyon 16:13
5
Revelasyon 16:9
Yon gwo chalè t'ap boule moun. Moun menm pran joure Bondye ki te gen pouvwa sou tout kalamite sa yo. Men, atousa, yo te refize sispann fè peche pou yo te fè lwanj Bondye.
Eksplore Revelasyon 16:9
6
Revelasyon 16:2
Premye zanj lan pati, li vide gode pa l la sou latè. Menm lè a, moun ki te gen mak bèt la sou yo, moun ki t'ap adore estati l la, yo tout te kouvri ak move maleng ki t'ap fè yo soufri anpil.
Eksplore Revelasyon 16:2
7
Revelasyon 16:16
Lespri yo sanble tout wa yo yon kote yo rele nan lang ebre a: Amagedon.
Eksplore Revelasyon 16:16
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo