1
Sòm 143:10
1998 Haïtienne
Se ou menm ki Bondye mwen. Moutre m jan pou m fè sa ou vle m fè a. Jan ou gen bon kè, fè lespri ou mennen m nan chemen ki pa gen move pa.
Konpare
Eksplore Sòm 143:10
2
Sòm 143:8
Mwen mete konfyans mwen nan ou. Depi granmaten, fè m chonje jan ou renmen m anpil. Se ou menm m'ap lapriyè. Moutre m chemen pou m pran an.
Eksplore Sòm 143:8
3
Sòm 143:9
Se anba zèl ou m'ap chache pwoteksyon. Tanpri, delivre m anba lènmi m yo.
Eksplore Sòm 143:9
4
Sòm 143:11
Senyè, poutèt non ou pote a, ban m lavi ankò. Ou menm ki pa nan patipri, tanpri, wete m nan tray kote m ye a.
Eksplore Sòm 143:11
5
Sòm 143:1
(1b) Senyè, koute m lè m'ap lapriyè. Panche zòrèy ou pou tande jan m'ap kriye nan pye ou. Reponn mwen, paske ou toujou kenbe pawòl ou. Ou pa nan patipri.
Eksplore Sòm 143:1
6
Sòm 143:7
Senyè, prese vin reponn mwen. Mwen pa kapab ankò! Pa vire do ban mwen. Si ou fè sa, m'ap tankou moun ki desann nan peyi kote mò yo ye a.
Eksplore Sòm 143:7
7
Sòm 143:5
Mwen chonje tan lontan, m'ap kalkile tou sa ou te fè. Tou sa ou te fè yo vin nan tèt mwen ankò.
Eksplore Sòm 143:5
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo