Lè sa a, chèf prèt yo reyini ak chèf fanmi yo, yo fè plan yo ansanm. Yo bay sòlda yo yon gwo lajan. Epi yo di yo:
— Se pou nou di se disip li yo ki te vin vòlò kò a pote ale lannwit antan nou t'ap dòmi. Si pawòl la tonbe nan zòrèy gouvènè a, n'a konnen ki jan pou n pale avè l pou nou menm, gad yo, nou pa nan traka.
Sòlda yo pran lajan an, yo fè jan yo te di yo fè l la. Se konsa, popagann sa a gaye pami jwif yo jouk jounen jòdi a.