Salomon reponn:
— Ou te toujou fè wè jan ou te renmen papa m, David, sèvitè ou la, anpil. Li menm, li te mache dwat devan ou, li pat janm vire do ba ou, li te sèvi ou ak tout kè li. Ou pat janm sispann fè l wè jan ou te renmen li. Ou ba li yon pitit gason k'ap gouvènen nan plas li jòdi a.