Plan lekti ak devosyon gratis yo ki gen rapò ak Jozye 1:8

Chimen pa Bondye a pouw fè Siksè
3 Jou
Tout moun ap chache siksè, men anpil moun pa kapab jwenn li paske sa yap kouri dèyèl la se yon fo konpreyansyon sou sa ki vle di viv yon lavi siksè. Pou jwenn vrè siksè a ou bezwen fikse zye ou sou definisyon pa Bondye a sou kisa sa vle di. Kite otè Tony Evans ki vann anpil liv montre ou chimen ki mennen nan vrè siksè wayòm lan ak fason ou kapab jwenn li.

Grandi Nan Sanktifikasyon
3 Jou
Pase tan regilyèman nan Pawòl Bondye ak nan lapriyè se yon bagay ki enpòtan si nou vle konnen Bondye epi viv yon lavi ki sanble ak sa Kris la mande epi yon lavi ki ap fè lwanj pou Li. Se pou sa gid lekti twa jou sa a baze sou Pawòl la nan lide pou ankouraje w pou w nouri nanm ou ak Pawòl Bondye epi pou depann totalman de Li nan lapriyè.

Liv Ansyen Testaman yo
4 Jou
Gid lekti sa a ap gide lektè yo atravè aspè kle nan Liv Ansyen Testman yo, ofri yon vizyon sou estrikti, tèm, ak enpòtans divès liv yo. Pandan kat jou, n ap eseye konprann kontèks istorik, estil literè, ak mesaj ki fè chak liv yo diferan, pandan n ap pwofondi konpreyansyon ak apresyasyon nou pou Bib la an jeneral.

Kouraj
1 Semèn
Aprann ki sa Bib la di sou konviksyon ak konfyans. Plan "Kouraj" la ankouraje kwayan yo avèk rapèl yo kiyès yo ye nan Kris la ak nan wayòm Bondye a. Lè nou fè pati Bondye, nou lib pou nou pwoche bò kote l. Li ankò - oswa petèt la pou premye fwa - asirans ke plas ou nan fanmi Bondye a se an sekirite.