1
Jan 2:11
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Se te premye mirak Jezi te fè. Sa te pase nan Kana, yon ti vil, nan teritwa Galile. Konsa, Jezi te montre grandè li epi disip li yo kwè nan li.
Compare
Avasta Jan 2:11
2
Jan 2:4
Jezi reponn: “Chè madam, pou kisa ou di m sa? Lè m poko rive.”
Avasta Jan 2:4
3
Jan 2:7-8
Jezi di moun ki t ap sèvi yo: “Plen ja yo dlo.” Yo te plen yo dlo ra bouch. Lè l fin i, li di yo: “Pran tigout nan dlo a pote bay responsab fèt la.” Yo te fè sa l te di yo fè a.
Avasta Jan 2:7-8
4
Jan 2:19
Jezi reponn yo: “Detwi tanp sa a, epi m ap rebati l nan twa jou.”
Avasta Jan 2:19
5
Jan 2:15-16
Jezi fè yon fwèt ak plizyè kòd. Li te chase yo tout nan tanp lan ansanm avèk mouton yo ak bèf yo. Li chavire tab moun ki t ap chanje lajan yo. Li jete tout lajan yo atè. Epi li di moun ki t ap vann pijon yo: “Wete bagay sa yo isit la. Nou pa dwe fè kay Papa m nan tounen yon mache pou moun ap vann epi pou y ap achte.”
Avasta Jan 2:15-16
Home
Bible
Plans
Videod