Travay 14:9-10
Travay 14:9-10 HAT98
Li t'ap koute sa Pòl t'ap di. Pòl fikse je l sou li, li wè nonm lan te gen kont konfyans nan Bondye pou l te geri. Pòl pale byen fò, li di: — Leve, kanpe dwat sou de pye ou yo! Nonm lan vole kanpe, epi li pran mache.