1
Women 12:2
1998 Haïtienne
Pa fè menm bagay ak sa moun ap fè sou latè. Men, kite Bondye chanje lavi nou nèt lè l'a fin chanje tout lide ki nan tèt nou. Lè sa a, n'a ka konprann sa Bondye vle, n'a konnen sa ki byen, sa ki fè l plezi, sa ki bon nèt ale.
Vergleichen
Studiere Women 12:2
2
Women 12:1
Se sa ki fè, frè mwen yo, jan Bondye fè nou wè li gen kè sansib pou nou an, se pou nou ofri nou tankou yon sakrifis apa bay Bondye, yon sakrifis vivan k'ap fè li plezi. Se sèl jan pou nou sèvi Bondye tout bon vre.
Studiere Women 12:1
3
Women 12:12
Pandan n'ap tann lan, fè kè n kontan. Se pou nou gen anpil pasyans nan mitan soufrans nou yo. Pa janm sispann lapriyè.
Studiere Women 12:12
4
Women 12:21
Pa kite sa ki mal gen pye sou ou. Okontrè, fè sa ki byen pou n kraze sa ki mal.
Studiere Women 12:21
5
Women 12:10
Se pou nou yonn renmen lòt tankou frè ak frè k'ap viv ansanm ak Kris la. Nan tou sa n'ap fè, se pou nou gen respè yonn pou lòt, pa konsidere tèt nou anvan.
Studiere Women 12:10
6
Women 12:9
Se pou nou yonn renmen lòt ak tout kè nou. Rayi sa ki mal, men kenbe fèm nan fè sa ki byen.
Studiere Women 12:9
7
Women 12:18
Fè tou sa nou kapab pou nou viv byen ak tout moun, mezi nou kapab fè li.
Studiere Women 12:18
8
Women 12:19
Mezanmi, pa tire revanj. Men kite kòlè Bondye fè travay li. Paske men sa ki ekri nan Liv la: Se mwen sèl ki gendwa tire revanj, se mwen menm sèl ki va bay moun sa yo merite. Se Bondye menm ki di sa.
Studiere Women 12:19
9
Women 12:11
Travay di, pa fè parese. Mete aktivite nan sèvis n'ap rann Mèt la.
Studiere Women 12:11
10
Women 12:3
Poutèt favè Bondye fè m lan, men sa m'ap mande nou tout: Piga nou mete nan tèt nou nou plis pase sa nou ye. Okontrè, pa mete gwo lide nan tèt nou. Se pou chak moun konsidere tèt li dapre sa Bondye ba li ki pa l nan lafwa.
Studiere Women 12:3
11
Women 12:17
Si yon moun fè nou mal, pa chache fè l mal tou. Chache fè sa ki byen nan je tout moun.
Studiere Women 12:17
12
Women 12:16
Viv byen yonn ak lòt. Pa kite lògèy moute tèt nou. Viv tankou moun ki san pretansyon. Pa kwè nou gen pi bon konprann pase sa.
Studiere Women 12:16
13
Women 12:20
Okontrè, dapre sa ki ekri ankò: Si lènmi ou grangou, ba l manje. Si li swaf dlo, ba l bwè. Lè ou fè sa, se yon chalè dife ou mete nan kò l pou fè l chanje.
Studiere Women 12:20
14
Women 12:14-15
Mande Bondye pou l beni moun k'ap pèsekite nou. Mande benediksyon, pa mande madichon pou yo. Fè kè n kontan ak moun ki kontan, kriye ak moun k'ap kriye.
Studiere Women 12:14-15
15
Women 12:13
Bay moun k'ap viv pou Bondye yo konkou lè nou wè yo nan bezwen. Resevwa moun ki vin lakay nou byen.
Studiere Women 12:13
16
Women 12:4-5
Gade byen: nou gen anpil manm nan yon sèl kò, men chak manm gen sèvis pa l apa. Se konsa tou, nou anpil, men nou fè yon sèl kò ansanm ak Kris la. Nou tout nou fè yon sèl kò tou yonn ak lòt, tankou plizyè manm nan yon sèl kò.
Studiere Women 12:4-5
Home
Bibel
Lesepläne
Videos