1
Jan 1:12
1998 Haïtienne
HAT98
Men, moun ki te resevwa li yo, moun ki te kwè nan li yo, li ba yo pouvwa pou yo vin pitit Bondye.
Vergleichen
Studiere Jan 1:12
2
Jan 1:1
Nan kòmansman, Pawòl la te la. Pawòl la te avèk Bondye. Pawòl la te Bondye.
Studiere Jan 1:1
3
Jan 1:5
Limyè a klere nan fènwa a. Men, fènwa a pat resevwa li.
Studiere Jan 1:5
4
Jan 1:14
Pawòl la tounen moun. Li te vin viv nan mitan nou, li mennen yon lavi ki te konfòm nèt ak verite a, ak renmen nan tout kè li. Nou wè pouvwa li, se te pouvwa Bondye Papa a te bay sèl Pitit li a.
Studiere Jan 1:14
5
Jan 1:3-4
Se ak Pawòl la Bondye fè tout bagay. Nan tou sa ki te fèt, pat gen anyen ki te fèt san Pawòl la. Lavi, se nan li sa te ye. Se lavi sa a ki te bay tout moun limyè.
Studiere Jan 1:3-4
6
Jan 1:29
Nan denmen, Jan wè Jezi ki t'ap vin jwenn li, li di: — Men ti mouton Bondye a k'ap wete peche moun sou tout latè.
Studiere Jan 1:29
7
Jan 1:10-11
Pawòl la te nan lemonn. Se ak Pawòl la Bondye te fè tou sa ki nan lemonn. Men, moun ki nan lemonn pat rekonèt li. Li te vin nan mitan pèp li a, men pèp li a pa te resevwa li.
Studiere Jan 1:10-11
8
Jan 1:9
Limyè sa a, se li ki limyè tout bon an. Se li menm ki vin sou latè epi k'ap klere tout moun.
Studiere Jan 1:9
9
Jan 1:17
Si Moyiz pote lalwa, se Jezikri ki pote lagras ak laverite.
Studiere Jan 1:17
Hauptbildschirm
Bibel
Lesepläne
Videos