1
Jenèz 3:6
1998 Haïtienne
HAT98
Fanm lan gade, li wè jan pyebwa a te bèl, jan fwi yo sanble yo ta bon nan bouch. Li santi li ta manje ladan l pou je l ka louvri. Li keyi kèk fwi. Li manje, li pote bay mari l ki manje tou.
Porovnat
Zkoumat Jenèz 3:6
2
Jenèz 3:1
Sèpan se te bèt ki te pi rize nan tout bèt Senyè Bondye te fè. Li di fanm lan konsa: — Eske Bondye te janm di piga nou manje donn tout pyebwa ki nan jaden an?
Zkoumat Jenèz 3:1
3
Jenèz 3:15
Ou menm ak fanm lan, m'ap fè nou lènmi yonn ak lòt. Pitit pitit pa l ak pitit pitit pa ou ap lènmi tou. Pitit pitit li ap kraze tèt ou, epi ou menm w'ap mòde l nan talon pye l.
Zkoumat Jenèz 3:15
4
Jenèz 3:16
Li di fanm lan: — Lè w'ap fè pitit, m'ap fè soufrans ou vin pi rèd. W'a gen pou soufri anpil lè w'ap akouche. W'ap toujou anvi mari ou. Men, se mari ou ki va chèf ou.
Zkoumat Jenèz 3:16
5
Jenèz 3:19
Se swe kouray ou ki pou fè ou mete yon moso pen nan bouch ou jouk lè w'a tounen nan tè kote ou sòti a. Paske, se pousyè ou ye, ou gen pou tounen pousyè ankò.
Zkoumat Jenèz 3:19
6
Jenèz 3:17
Apre sa li di Adan: — Ou koute pawòl madanm ou, pa vre! Ou manje fwi pyebwa mwen te ba ou lòd pa manje a. Poutèt sa ou fè a, m'ap madichonnen tè a. W'a gen pou travay di toutan pou fè tè a bay sa ou bezwen pou viv.
Zkoumat Jenèz 3:17
7
Jenèz 3:11
Senyè a, Bondye a, di l: — Ki moun ki di ou te toutouni? Eske ou te manje fwi pyebwa mwen te di ou pa manje a?
Zkoumat Jenèz 3:11
8
Jenèz 3:24
Se konsa, li mete Adan deyò. Sou bò solèy nan jaden an, li poste zanj cheriben ak nepe yo byen klere nan men yo, epi yo t'ap veye toupatou pou anpeche moun pwoche bò pyebwa ki bay lavi a.
Zkoumat Jenèz 3:24
9
Jenèz 3:20
Adan bay madanm li non, li rele l Ev, paske se li menm ki manman tout moun k'ap viv sou tè a.
Zkoumat Jenèz 3:20
Domů
Bible
Plány
Videa