Luc 14:28-30
Luc 14:28-30 BSA
“Paske kilès nan nou lè li vle bati yon tou fòterès, pa chita avan pou kalkile frè yo pou wè si li gen kont mwayen pou fin fè l? Otreman, lè l fin fè fondasyon an, e li p ap kab fin fè l, tout sila k ap obsève l yo ap vin pase l nan betiz. Yo va di: ‘Mesye sa a te kòmanse bati, e li pa kapab fini.’