YouVersion Logo
Search Icon

Jean 21:15-17

Jean 21:15-17 BSA

Konsa, lè yo te fin dejene, Jésus te di a Simon Pierre: “Simon, fis a Jean, èske ou renmen M plis ke sa yo?” Li te di Li: “Wi Senyè. Ou konnen ke m renmen Ou.” Li te di li: “Okipe Mouton Mwen yo.” Li te di li ankò yon dezyèm fwa: “Simon, fis a Jean, èske ou renmen M?” Li te reponn Li: “Wi Senyè, Ou konnen ke m renmen Ou.” Li te di li: “Fè bèje mouton Mwen yo.” Li te di li yon twazyèm fwa: “Simon, fis a Jean, èske ou renmen M?” Pierre te vin tris akoz ke Li di li yon twazyèm fwa: “Èske ou renmen M?” E li te di Li: “Senyè, Ou konnen tout bagay. Ou konnen ke Mwen renmen Ou.” Jésus te di Li: “Okipe mouton Mwen yo.

Video for Jean 21:15-17