YouVersion Logo
Search Icon

Ebre 12:1-2

Ebre 12:1-2 VKF

Nou gen anpil egzanp tankou sa yo. Lavi moun sa yo fè nou konprann lafwa pi byen. Konsa, nou menm tou, an nou fè jefò pou n kouri nan kous ki louvri devan nou an. An nou mete sou kote tout bagay k ap ralanti kous nou, ak tout peche k ap detounen pye nou detanzantan pou fè nou kite chemen an. Nou pa dwe janm retire je nou sou Jezi. Lafwa nou depann de li depi nan kòmansman rive nan fin isman. Jezi t aksepte mouri sou lakwa. Men li t aksepte tout wont ki mache ak kalite lanmò sa a kòmsi se pa t anyen, malgre rejwisans li te wè ki rezève pou li. Kounye a, li chita nan plas donè ki adwat twòn Bondye a.

Video for Ebre 12:1-2