YouVersion Logo
Search Icon

Women 11:17-18

Women 11:17-18 HAT98

Pèp Izrayèl la tankou yon pye oliv lakou. Yo koupe kèk branch ladan li. Ou menm ki pa jwif la, ou tankou yon pye oliv raje yo grefe sou branch yo koupe yo. Koulyeya, se ou menm k'ap pwofite lèt k'ap nouri pye oliv lakou a. Se poutèt sa, pa gonfle kò ou sou branch ki koupe yo. Ki jan ou kapab ap fè grandizè? Pa bliye, se yon senp branch ou ye. Se pa ou k'ap pote rasin lan. Men, se rasin lan k'ap pote ou pito.