YouVersion Logo
Search Icon

Sòm 25:5-17

Sòm 25:5-17 HAT98

Moutre m sa pou m fè pou m viv yon jan ki konfòm ak verite ou la, paske se ou menm ki delivrans mwen. Se sou ou mwen konte tout jounen. Senyè, chonje jan ou gen kè sansib, chonje jan ou renmen nou depi nan tan lontan. Pa chonje peche ak fòt mwen te fè lè m te jenn. Senyè, jan ou renmen m sa a, jan ou gen bon kè, tanpri, pa bliye m! Senyè a bon, li pa nan patipri, li moutre moun k'ap fè sa ki mal yo jan pou yo viv. Li pran men moun ki soumèt devan l yo, li fè yo mache nan bon chemen an, li moutre yo jan li vle pou yo viv la. Moun ki kenbe kontra li fe ak yo a, moun ki obeyi kòmandman l yo, li fè yo wè jan li renmen yo, jan li p'ap janm lage yo. Senyè, poutèt non ou pote a, padonnen peche m yo, paske yo anpil. Si yon moun gen krentif pou Senyè a, Senyè a va moutre l chemen pou l pran. L'ap toujou gen kè kontan. Pitit li yo va pran peyi a pou yo. Senyè a, se zanmi moun ki gen krentif pou li. Li fè yo konnen kontra li pase ak yo a. Se sou Senyè a m'ap gade tout tan, l'ap delivre m lè m nan move pa. Senyè, vire je ou bò kote m. Gen pitye pou mwen, paske mwen pou kont mwen, mwen san fòs. Pa kite m ak kè sere sa a. Wete m nan tray m'ap pase a.