YouVersion Logo
Search Icon

Filipyen 3:14-21

Filipyen 3:14-21 HAT98

Konsa, m'ap kouri dwat devan m sou mak kote m prale a, pou m ka jwenn rekonpans Bondye rele m vin resevwa nan syèl la, gremesi Jezikri. Nou tout ki fin byen rasinen nan lafwa a, se menm lide sa a pou nou toujou gen nan tèt nou. Men si gen pami nou ki gen lide diferan sou kèk lòt pwen, Bondye va fè yo wè pi klè. Nenpòt jan sa ye, ann mache toujou jan n te konmanse a. Nou tout frè m yo, pran egzanp sou mwen. Kenbe je nou fiske sou moun k'ap swiv egzanp mwen te bay la. Gen anpil moun, lavi yo se lènmi lakwa Kris la. Mwen te deja di nou sa, se ak dlo nan je m'ap di nou sa ankò: Moun sa yo ap rive fin detwi tèt yo. Se vant yo ki bondye yo. Yo pran plezi yo nan bagay ki pou ta fè yo wont pito. Se bagay lemonn ase ki nan tèt yo. Men nou menm, nou se sitwayen syèl la. N'ap tann Sovè nou, Jezikri Senyè nou k'ap sot nan syèl la. Se li menm k'ap pran pouvwa li genyen pou soumèt tout bagay anba men l lan, l'ap chanje vye kò tou fèb nou yo pou l fè yo tounen tankou kò pa l la ki gen bèl pouvwa.