YouVersion Logo
Search Icon

Neyemi 2:17-18

Neyemi 2:17-18 HAT98

Men lè sa a, mwen di yo: — Nou wè nan ki traka nou ye avèk lavil Jerizalèm k'ap fin kraze nan men nou avèk pòtay boule li yo. Vini non! Ann al rebati miray ranpa lavil la! Moun va sispann fè nou wont. Lè sa a, mwen fè yo konnen kijan Bondye te la avèk mwen pou pwoteje mwen, epi tou sa lanperè a te di mwen. Yo reponn: — Bon. Annavan! Ann al rebati! Epi yo ranje kò yo pou mete men nan travay la.