YouVersion Logo
Search Icon

Matye 27:45-53

Matye 27:45-53 HAT98

Vè midi konsa, vin gen yon fènwa sou tout peyi a, jouk twazè apre midi. Vè twazè, Jezi rele byen fò, li di: — Eli, Eli lema sabaktani? (Ki vle di: Bondye, Bondye, poukisa ou lage m konsa?) Nan moun ki te la yo, genyen ki tande l'ap pale. Yo di: — Men l'ap rele Eli. Lamenm, yonn nan yo kouri al pran yon eponj, li tranpe l nan vinèg, li mete l nan pwent yon gòl wozo, li lonje l bò bouch Jezi ba l bwè. Men, lòt moun yo di: — Tann non, monchè. Ann wè si Eli ap vin delivre li. Jezi bay yon gwo rèl ankò, epi li mouri. Menm lè a, rido tanp lan chire fè de moso, depi anwo jouk anba. Latè tranble. Wòch fann. Tonm yo louvri. Anpil fidèl Bondye ki te mouri, yo resisite. Yo soti vivan nan tonm yo. Apre Jezi li menm te leve sòti vivan nan lanmò, yo antre lavil Jerizalèm kote anpil moun te wè yo.